KIYES NOU YE:

Sèvis Kreyòl la se youn nan 45 sèvis ki prezante pwogram nan divès lang nan Lavwadlamerik. Misyon nou se prezante nouvèl ak enfòmasyon ki di laverite, ki san paspouki e ki total e konplè. Moun ka jwenn pwogram nou yo sou platfòm medya sosyal yo tankou Facebook, Twitter, Youtube, Instagram avèk sitweb nou an.

Se Kongrè ameriken an ki te finance operasyon nou. Chat Lavwadlamerik la (VOA) gen apwobasyon Kongrè a e Prezidan Gerald Ford te siyen li an 1976 pou l te tounen yon lwa. Chat la garanti endepandans editoryal avèk entegrite pwogramasyon Lavwadlamerik la.

Pwogram Sèvis Kreyòl VOA yo rive jwenn moun ann Ayiti gras ak plizyè estasyon afilye lokal k ap opere toupatou nan peyi a. Ou ka jwenn pwogwam nou yo tou sou paj entènèt nou an.

Adrès postal nou se: 330 Independence Avenue SW, room 3520 Washington, DC 20237.